Groupe Juridique Coradin

Miami
1111 Brickell Ave, Suite 1100
Miami, FL 33131
New York
5 Penn Plaza, 19th Floor
New York, NY 10001

US Tel & Fax: (888) 678-5777
Int Tel & Fax: +1-305-390-0590

ahpaly@coradinlaw.com

 

Kabinè Avoka Ahpaly Coradin, espesyalize nan reprezante gwo konpayi, konpayi ki bati kay, moun k ap envesti epi mèt kay, nan tout kalite tranzaksyon komèsyal ak tranzaksyon vann oubyen achte pwopriyete. Dirijan kabinè sa a, Ahpaly Coradin se yon avoka entènasyonal ki gen esperyans nan afè kòporasyon ak tranzaksyon komèsyal epi li gen esperyans tou nan fè travay legal ak nan biznis achte epi vann pwopriyete.

Kit w ap vann kit w ap achte oubyen w ap envesti nan yon konpayi, oswa nan yon pwojè oswa nan yon pwopwiete imobilié, nou kab kore aktivite w yo pi byen nan fason nou pwoteje envestisman w ap fè a ak fason nou limite risk w ap pran. Kabinè Avoka Ahpaly Coradin, P.A, ofri bon jan kalite sèvis legal. Sèvis nou bay yo se pou ede w reyalize sa ou vle reyalize. Nou konsantre efò nou sou fason nou kab rive jwenn pi bon rezilta pou wou.

E pi tou, Mèt Ahpaly Coradin se yon mediatè ak yon abit pou rezoud pwoblem ou nan biznis ou oubyen nan zafè comèsial ou. Mèt Coradin ka fè intèvensyon en Kreyol nan ninpot ki bolo bolo san li pa pren bó yon moun kont lót.

Paske nou kwè moun kab reyalize plis lè youn kolabore ak lòt, pase youn travay kont lòt, se sa k fè nou panse meyè fason pou nou komplete afè nou se ak kowoperasyon. Nou jwenn pi bon rezilta pou kliyan nou yo lè nou sèvi ak kowoperasyon. Nou defann enterè kliyan nou yo pi byen epi nou regle afè yo kòm sa dwa paske nou aji an pwofesyonèl, nou aji an moun ki onèt epi nou montre nou gen respè pou tout moun nou boule ak yo.

Si ou vlé yon evaliyasyon ou byen ou ta vlé kè Mèt Coradin fè yon medyasyon ou abitraj pou ou, kontakte nou nan (888) 678-5777 (Zetazini), +1-305-390-0590 (Entènasyonal) oubyen imel nou nan imel adrès sa a ahpaly@coradinlaw.com. Nou pare pou nou resevwa ou epi pou n regle zafè ou.

Nou travay nan domèn sa yo:
BIZNIS, KÒPORASYON, LWA KOMÈSYAL,
MEDYASYON, ABITRAJ, IMOBILIÉ


Copyright © 2006- | Coradin Law Group all rights reserved